Ki nivo danje COVID-19 ye?
Malgre ke pou pifò moun COVID-19 sèlman lakòz yon maladi ki pa grav, li ka fè kèk moun malad anpil. Pi raman, maladi a ka fatal. Moun ki pi gran yo, ak moun ki gen pwoblèm medikal ki egziste deja (tankou tansyon wo, pwoblèm kè oswa dyabèt) sanble pi vilnerab.
Ki premye sentòm maladi kowonaviris la?
Viris la ka lakòz plizyè sentòm, soti nan maladi ki pa grav rive nan nemoni. Sentòm maladi a se lafyèv, tous, malgòj ak tèt fè mal. Nan ka ki grav, difikilte pou respire epi lanmò ka rive.
Ki peryòd enkubasyon maladi kowonaviris la?
Peryòd enkubasyon pou COVID-19, ki se tan ki pase ant ekspozisyon a viris la (enfekte) ak aparisyon sentòm yo, se an mwayèn 5-6 jou, sepandan li ka rive jiska 14 jou. Pandan peryòd sa a, ke yo rele tou peryòd "pre-sentptomatik", gen kèk moun ki enfekte ki ka kontajye. Se poutèt sa, transmisyon soti nan yon ka pre-sentptomatik ka rive anvan aparisyon sentòm yo.
Dat piblikasyon: 1ye Jiyè 2020